Ayiti ap Chache Nonmen yon 3e Jij pou Jere Dosye Asasina Moise la


 Yon moun kenbe yon foto defen Prezidan Ayisyen Jovenel Moise pandan yon seremoni nan mize Panteyon Nasyonal la nan Potoprens, 20 Jiye, 2021.

Jij Chavannes Etienne di fanmi li mete presyon sou li pou'l pa aksepte pòs la

Nouvo jij Ayisyen yo chwazi pou jere dosye asasina Prezidan Jovenel Moise la di Associated Press li poko deside si li pral aksepte paske dosye sa taka mete lavi'l an danje.

Jij Chavannes Etienne di fanmi li mete presyon sou li pou'l pa aksepte pòs la akoz yo gen kè sote pou moun pa eseye touye'l. Si li aksepte pòs la, li tap 3èm jij ki prezide ka sa a.

Li poko klè si Etienne gen yon dat limit pou'l bay repons li. Misye te jere ankèt sou masak Novanm 2018 la nan La Saline.

Majistra Bernard Saint-Vil, dwayen Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la di AP li chwazi Etienne men li derefize fè plis kòmantè sou koze a, nan moman gen kè sote kòm kwa seri jij ki prezide ka a lakòz pwosesis jidisyè a ap trennen.

Jij Garry Orelien te prezide dosye a anvan sa, men li te bay demisyon ni sa pa gen lontan akoz akizasyon koripsyon. Orelien demanti akizasyon sa yo. Li te mande tou, plis tan pou'l mennen ankèt sou asasina 7 Jiyè a, men Saint-Vil derefize aksepte.

Orelien te monte nan pòs la apre yon lòt jij te demisyonen nan mwad Out la. Li te site rezon pèsonèl pou desizyon sa a, apre youn nan asistan li yo te mouri nan sikonsans ki pa finn klè.

La jistis Ayisyen arete plis pase 40 moun an koneksyon ak asasina Moise la nan rezidans prive li. Pami yo gen ansyen manm Polis Nasyonal, yon ex-senatè ak 18 ex solda Kolonbyen. Majorite Kolonbyen yo di yo pran nan pyèj.

Gen 2 lòt sispèk Etazini ekstrade resaman, an palan de Rodolphe Jaar epi Mario Palacios, yon ex-solda Kolonbyen ke Jamayik te arete nan mwad Ok

0 Comments:

Post a Comment