Joseph Lambert: 'Sena a Otorize Ariel Henry, Chita Pale ak Bayè Fon Entènasyonal yo'


The new President of the Haitian Senate Joseph Lambert

Prezidan Sena Ayisyen an, Senatè Joseph Lambert di l ap kontinye fè konsiltasyon sou baz yon gran asiz ant diferan akò ki genyen yo, ak lòt pati politik ki ka pèmèt yo jwenn yon konsansis politik lajman laj pou rezoud kriz politik ke peyi a ap konfwonte .

Joseph Lambert di Sena a otorize Premye Minis Ariel Henry, chita pale ak bayè de fon entènasyonal yo malgre l gen yon stati premye minis demisyonè.

Prezidan Sena raple ke Dr Ariel Henry, se yon obstak nan pou peyi a kapab jwenn yon Solisyon ak kriz politik la.

Joseph Lambert te reaji tou sou konpòtman polisye yo te genyen ak travayè faktori ki pwodwi tekstil yo ki tap manifeste pou ogmantasyon salè yo, kote yo ap touche 500 goud ($5) pa jou pou 9 èdtan travay e yap mande pou minimòm lan pase 1,500 goud ($15) pa jou.

Polisye yo te sèvi ak gaz lakrimonèn pou pou kraze yon manifestasyon an. Prezidan Sena a pa dakò ak konpòteman polisye yo vizavi anplwaye ouvriye faktori yo kap reklame 1500 goud kòm salè minimòm.


0 Comments:

Post a Comment